Accessibility links

Breaking News

Rankont Prezidan Barack Obama ak Depite Repibliken yo nan La Mezon Blanch


Prezidan Barack Obama ki tap pale sou fèmti gouvènman federal la
Prezidan Barack Obama ki tap pale sou fèmti gouvènman federal la
Prezidan ameriken an, Barack Obama, envite tou lè 232 manm repibliken Chanm Depite Lèzetazini an nan Lamezon blanch pou yo fè chita-pale sou mwayen pou yo mete fen nan fèmti gouvenman an epi ogmante limit dèt peyi a. Men pòtpawòl Lamezon Blanch, Jay Carney, di Misye Obama desi poutèt Prezidan chanm nan, John Boehner, deside voye sèlman 18 palmantè nan rankont la –an palan de sila yo ki nan pozisyon lidèship sèlman. Rankont sa a pral dewoule nan kòmansman jounen jedi 10 oktòb 2013 la.

Prezidan ameriken an deja rankontre ak manm demokrat Chanm dè Reprezantan an, nan jounen mèkredi 9 oktòb la, pou yo te pale de estrateji Pati Demokrat la dwe itilize pandan yap chache rezoud kriz la.

Lidè tou lè 2 pati yo di chita-pale sa yo enpotan e, daprè sa Misye Carney di laprès, Prezidan Obama kwè manm Repibliken nan Lachanm nan pral poze aksyon ki kòrèk la, sètadi yo pral pase yon lejislasyon kap pèmèt leta federal la ogmante plafon dèt nasyonal la epi relouvri gouvènman an.

Pi bonè nan semèn nan, Misye Obama te di si 2 pati yo pa antann pou yo re-bay Lèzetazini otorite pou l prete lajan pou l peye dèt li, sa pral pwovoke yon katastwòf pou ekonomi mondyal la
XS
SM
MD
LG