Accessibility links

Breaking News

Kafe Ayisyen an pral sou “menu” 2 Otèl “de luxe” Ozetazini ak Kanada


Yon nòt pou laprès ki sòti nan Fondasyon Clinton nan, nan New York, fè konnen nan kad efò kap fèt pou relanse sektè kafe a ann Ayiti, Hotel 4 Sezon, Fondasyon Clinton, Fondasyon Leslois Shaw avèk òganizasyon La Colombe Torrefaction, anonse Otèl 4 Sezon (Four Seasons Hotels and Resorts) pral kòmanse sèvi kafe ayisyen an nan 2 sant otelye pandan sezon otòn nan: Nan New York, Ozetazini, ak Toronto, o Kanada.

Nòt la presize Otèl 4 Sezon nan 2 vil nou site yo pral sèvi yon kafe ayisyen byen prepare, ki sòti nan yon varyete semi-sovaj yo plante nan montay Ayiti yo, tankou nan rejyon ki ozalantou Thiotte, nan Depatman Sidès la. Konpayi ou òganizasyon kap sèvi kafe sa a, se 2 ko-fondatè La Colombe Terrofaction, an palan de Todd Carmichael ak Jean Philippe Iberti.

Nan seremoni ki dewoule pou anonse nouvèl la nan New York nan dat 8 oktòb 2013 la, ansyen Prezidan Bill Clinton pale pou l di: "Akademi Kafe Dayiti pral konsève tradisyon kafe ayisyen an, gras ak travay lap fè pou l montre yon nouvo jenerasyon talan li bezwen pou l kontinye fè komès la. Akò ki lye Otèl 4 Sezon, Fondasyon Clinton, Fondasyon Leslois Shaw avèk òganizasyon La Colombe Torrefaction, pral ekspoze youn nan pi bon pwodui Ayiti ka ofri pou ekspòtasyon; men tou, lap ouvri nouvo mache pou fèmye kap kiltive kafe ayisyen an."

Klike sou « Koute » pou w swiv yon vèsyon audio enfòmasyon sa a.
XS
SM
MD
LG