Accessibility links

Breaking News

Ayiti - Venezuela : Premye Minis Lamothe Prezante Bilan yon Vizit nan Karakas


Ann Ayiti, Premye Minis Laurent Lamothe bay yon kont-randi sou yon vizit 24 trè li fè nan kòmansman semèn nan o Venezuela kote li te abòde avèk otorite yo asistans Karakas ap bay Ayiti.

Chita-tande ki fèt pandan sejou chèf gouvènman ayisyen an nan kapital Venezuela a, te santre sou plan Ayiti genyen pou l ekspòte kèk pwodui nan peyi sid-ameriken an kòm yon mwayen pou l peye dèt Petro-Caribe a.

Misye Lamothe di, anvan li te kite Karakas, gouvènman Prezidan Nicolas Maduro a pwomèt, antwòt, pou l konstrui 3 mil 900 lojman nan Pòtoprens ak 500 lojman nan Lil-a-Vach.

Klike sou “Koute” pou w swiv yon repòtaj korespondan nou Rotchild François Junior.
XS
SM
MD
LG