Accessibility links

Breaking News

L’ONU nan Tribinal Ozetazini pou « Responsablite li » nan Prezans Epidemi Kolera ann Ayiti


Yon viktim maladi kolera a ann Ayiti
Yon viktim maladi kolera a ann Ayiti
Nasyonzini ap defann tèt li kont akizasyon ki fè konnen se gadyen lapè li yo ki responsab eklatman epidemi kolera nan peyi d’Ayiti –yon epidemi ki déjà touye apeprè 8 mil moun e lakoz plis pase 650 mil lòt malad depi 2010, ane kote yon tranblemanntè te devaste yon gwo pati nan kapital la, Pòtoprens, ak kèk lòt vil tankou Leyogàn, Grangwav, Tigwav ak Jakmèl.

Enstiti pou Jistis ak Demokrasi, ki gen baz li nan vil Boston, Ozetazuni , anonse nan kòmansman jounen mèkredi 9 oktòb 2013 la, li depoze yon plent ki fè konnen se gadyen lapè Nasyonzini ki sòti nan peyi Nepal ki pote kolera nan peyi Dayiti e li egzije reparasyon pou viktim yo.

Nasyonzini te deja di li pa admèt okenn responsablite pou prezans epidemi an ann Ayiti. Oganizasyon mondyal la ajoute li gen iminite diplomatik kont nenpòt akizasyon legal ki ta di kòmkwa se neglijans li ki responsab eklatman epidemi an nan peyi a. Aksyon an jistis la ap chache dedomajman pou viktim maladi a ak fanmi yo.

Nasyonzini te deja rejte tout apèl pou l bay viktim yo dedomajman, menmsi pi gwo responsab zafè dwamoun nan l’ONU an, Navi Pillay, te pale nan jounen madi 8 oktòb la pou l di fanmi moun ki malad yo ou sila ki mouri yo ta dwe jwenn reparasyon. Sepandan li pat presize ki moun ou ki òganizasyon ki dwe bay reparasyon sa a.
XS
SM
MD
LG