Ozetazini, nan moman fèmti gouvènman an rive sou 8èm jounen li, lidè pati repibliken an (kap domine Chanm Bas la,) ak lidè pati demokrat la (ki majoritè nan Sena a) pa bay siyn ki ta montre yo pral antann yo sou yon solisyon pou pèmèt plis pase 500 mil anplwaye federal retounen nan travay.
Prezidan Barack Obama fè konnen Ii pa pral negosye sou kesyon re-ouvèti gouvènman an, ni sou dosye plafon dèt federal la pandan lidè repibliken yo kenbe yon menas sou tèt li.
Misye Obama pale konsa lendi 7 oktòb 2013 la, pandan li tap rankontre ak responsab Ajans Federal Jesyon Sekou Dijans la (FEMA), youn nan gwo biwo leta ki oblije fè anplwaye li rete rete lakay yo tanporèman san travay.
Prezidan an di li dispoze negosye ak Repibliken yo sou yon gwo kantite kesyon fiskal e bidjetè, men se aprè Kongrè a va fin pase yon lejislasyon pou relouvri gouvènman an; e fòk se yon lejislasyon kote Repibliken yo pa poze okenn kondisyon.
Prezidan Obama deklare : "Tout bagay pral sou tab la. Map byen kontan pale de swen-sante; map byen kontan pale de politik enèjetik nou, de fason nou pral fè fas ak sitiyasyon fiskal la a lon-tèm. Mwen te dispoze e pare pou m abòde tout bagay sa yo ak Repibliken yo pandan 7 mwa ki pase yo. Dayè, mwen deja prezante yon plan bidjè ki detaye vizyon mwen sou mwayen pou n fè ekonomi an avanse. Mwen kwè Repibliken yo ta dwe fè menm bagay la, oubyen, nou ka negosye sou sa. Men, nou pa ta dwe boulvèse lavi tout yon gwoup moun paske tou senpleman yon kan panse li ka jwenn yon ti benefis an plis sou lòt la.'
Misye Obama lanse apèl bay Repibliken yo pou l made yo kite tonbe sa li konsidere kòm “egzijans edeyolojik”, epi chache elimine kriz pre-fabrike ki pwovoke fèmti gouvènman an. Bò kote pa l, lidè repibliken Chanm dè Reprezantan an, Depute John Boehner, fè konnen se prezidan an -e non pa Repibliken yo- ki plase peyi a devan yon katastwòf ekonomik.
Misye Boehner di: "Semèn pase a, Prezidan an te konvoke nou tout nan La Mezon Blanch, pou l te raple mwen li pa pral negosye sou mwayen pou n relouvri gouvènman an, oubyen sou nesesite pou n leve plafon dèt la. Refi Prezidan an pou l negsoye, se yon bagay kap nui ekonomi nou an e ki mete peyi a an danje. Maten ankò, yon wo-plase nan La Mezon Blanch di Prezidan an ta pito kite peyi a rive nan yon pwen kote li pa ka peye dèt li, tan pou l negosye. Se vre ? Eben, map repete sa yon fwa ankò : Yon wo-plase nan La Mezon Blamch di Prezidan an ta pi pito wè peyi a tounen yon delenkan, ki pa ka peye dèt li, olye pou l chita avèk nou epi negosye. "
Nap raple fèmti gouvènman ameriken an antre nan 2èm semèn li nan jounen madi 8 oktòb 2013 la, e --tankou nou kapab wè sa avèk deklarasyon Prezidan Obama epi pa prezidan Chanm Bas la, Misye Boehner-- 2 kan yo poko sanble yo pral antann yo sou yon solisyon anvan lontan. Antretan, plizyè santèn de milye anplwaye leta federal la sispann travay e genyen anpil sèvis piblik ki pap fonksyone.