Vandredi 4 oktòb la fè 4 jou depi gouvènman ameriken an fèmen, e moun pa tèlman wè ki kote yon solisyon ap sòti, paske 2 pati yo -La Mezon Blanch ak Demokat yo yon bò, epi Lidè Repibliken nan Kongrè a yon lòt bò- kanpe sou pozisyon yo.
Jedi 3 oktòb la, La Mezon Blanch anonse, devan sitiyasyon sa a, Prezidan Barack Oama anile yon toune li te gen pou l fè sou kontinan azyatik-la; olye de li, se Sekretè Deta John Kerry ki pral dirije yon delegasyon Lèzetazini ki gen pou vizite peyi Endonezi, Brunei, Malezi ak Filipin. Chèf diplomasi amerikèn nan pral asiste somè peyi manm APEC yo nan vil Bali, nan Endonezi, nan plas prezidan an.
Pou sa ki konsène batay politik sou finansman pwogram gouvènman ameriken an, Misye Obama fè konnen yon lejislasyon pou pèmèt leta federal la rekòmanse fonksyone, ta kapab pase san pwoblèm nan Kongrè a si lidè repibliken yo te vle kite palmantè yo mete yon pwopozisyon-lwa konsa o vòt –sitou nan Chanm Depite a ki anba kontwòl pati Repibliken an.
Prezidan Obama di :Si yon moun pa apiye fèmti gouvènman an, wap vote pou lejislasyon sa a pase. Si w pa pou re-ouvèti gouvènman an, eben, ou pap vote pou lejislasyon an. Nou pa oblije tòde bra pèsonn ; konsa, pèp ameriken an ap wè klèman kilès ki responsab fèmti gouvènman an."
Misye Obama akize Presidan Chanm Depite a, John Boehner, deske li bese ba devan yon ti gwoup Repibliken ekstremis ki vle koupe lajan ki dwe finanse nouvo pwogram gouvènmantal ki ofri swen-sante pou pi fò ameriken yo, sitou sila yo ki pat genyen asirans sa a anvan –yon asirans ki rele OBAMACARE. Demokrat yo pale fò pou di yo pral rejte tout plan Republiken yo prezante pou ouvè yon pati sèlman nan gouvènman an; paske, daprè yo, se tout sektè nan Leta Federal la nèt ki pou rekòmanse travay.
Pandansetan, piblik ameriken an kòmanse montre li pa kontan sa kap pase ant Kongrè a avèk administrasyon Obama a. Anpil senp sitwayen pale pou di lidè peyi a ap aji tankou timoun piti, avèk gwo dezòd politik yo kreye nan Washington nan.
Yon travayè nan sektè konstriksyon an –ki tap reyaji sou kesyon an—pale pou l di:
“Yo sanble ak yon bann timoun kap goumen pou jwèt: yo chak ak redi pou wè kilès kap jwenn tèl jwèt, kilès kap jwenn tèl lòt jwet.”
Yon lòt travayè ki bay non n, li menm (li rele Tori Mann), di li pa konprann poukisa dirijan ameriken yo pa kapab montre yo serye sou dosye fèmti gouvènman an, alòske se konpòtman yo ki kreye sitiyasyon sa a –yon sitiyasyon ki genyen konsekans grav sou fanmi amerikèn yo.
Tori Mann deklare : “Daprè mwen, se kòm si Kongrè a pa kapab pran yon desizyon. 2 kan yo pa kapab antann yo. Se pa yon bagay nouvo; men se tout moun kap sibi move konsekans yo.”
Blokaj aktivite gouvènmantal yo Ozetazini lakoz preske yon milyon anplwaye Leta Federal la pa ale travay. Sila yo ke otorite yo konsidere kòm anplwaye esansyèl, ale nan biwo yo kanmèm menmsi yo pa konnen kilè yap kapab touche. Se konsa tou, gouvènman an mande anpil sèvis piblik sispann opere, tandiske li fèmen 400 pak nasyonal, moniman, mozole ak sit touristik.