Accessibility links

Breaking News

Dimanch 26 Janvye 2014, Dat Eleksyon ann Ayiti / Reyaksyon


Ann Ayiti, Kolèj Tranzisyon Konsèy Elektoral Pèmanan an, CTCEP, anonse li chwazi 26 janvye 2014 kòm dat premye tou eleksyon lokal ak senatoryal pasyèl yo nan yon pre-kalandrye ki parèt mèkredi 2 oktòb 2013 la.

Aprè prezidan CTCEP a, Emmanuel Menard, te konfime nouvèl la pou Lavwadlamerik, kèk manm kolèj elektoral la te reyaji pou di yo gen pa gen menm pozisyon ak Misye Menard sou pre-kalandrye electoral la. Konseye Nehemi Joseph, pa egzanp, di Lavwadlamerik pa kapab gen yon kalandrye san nouvo lwa elektoral ki jwenn apwobasyon tou lè 2 chanm palman an.

Yon lòt kote, Oganizasyon Pèp kap Lite, OPL, se youn nan pati politik ki rejte kalandrye CTCEP a. Sekretè Jeneral OPL-la, pwofesè Sauveur Pierre-Etienne, di Lavwadlamerik aktè politik yo (gouvènman an ak opozisyon an) dwe jwenn yon konsansis sou avni pwosesis elektoral la avan pou eleksyon dewoule nan peyi a.

Mouvam Patriyotik Opozisyon Demokratik la, MOPOD, kenbe pozisyon li te afiche depi okòmansman sou dosye elektoral la: “Eleksyon avan fen ane 2013 la oubyen demisyon”. Ansyen senatè Tunerb Delpè, pòtpawòl MOPOD, li menm tou, rejte kalandrye Kolèj Tranzisyon Konsèy Elektoral Pèmanan an anonse a.

Anfen, dirijan pati politik “Rekonstwi Ayiti”, Olicier Pierriche ki baze nan Miami, ale nan menm sans ak lidè lòt pati nan opozisyon an ki di CTCEP a montre li twò prese, li melanje vitès ak presipitasyon lè li anonse yon dat pou eleksyon yo, alòske 2 chanm palman an poko antann yo sou yon menm vèsyon nouvo lwa elektoral la.

Klike sou “koute” pou w tande yon repòtaj konplè Lavwadlamerik sou dosye elktoal la jan li preznate jounenjodiya ann Ayiti.
XS
SM
MD
LG