Accessibility links

Breaking News

Fèmti Gouvènman Ameriken an - Enpas la ap Kontinye


Ozetazini, Jounen jedi 3 oktòb la fè 3 jou depi gouvènman ameriken an fèmen, e moun pa tèlman wè nego-syasyon wo-nivo serye ap fèt pou eseye rezoud kriz la, kontrèman ak jan te pase lè yon sitiyasyon konsa te prezante nan le pase.

Blokaj aktivite Leta federal la lakoz preske yon milyon anplwaye pa ka travay. Se konsa tou, gouvènman an mande anpil sèvis piblik sispann opere, tandiske li fèmen 400 pak nasyonal, moniman, mozole ak sit touristik.

Mèkredi 2 oktòb la, nan fen apremidi, Prezidan Barack Obama te konvoke lidè Kongrè a nan La Mezon Blanch pou yon rankont kote yo te fè chita-tande sou fèmti gouvènman an. Rankont la te dewoule ant Misye Obama, Vis Prezidan Joe Biden ak 2 lidè chakenn nan 2 chanm yo : Prezidan Chanm dè Reprezantan an, Repibliken John Boehner, ak lidè minorite a nan Sena a, Repibliken Mitch McConnel, yon bò ; epi, bò kote Demokrat yo, lidè majorite a nan Sena a, Harry Reid, ak lidè minorite demokrat la nan Chanm dè Reprezantan an, Nancy Pelosi.

Aprè rankont la, Depute Boehner pale pou l di chita-pale a te byen poli, men 2 pati yo pa rive jwenn okenn akò pou yo mete fen nan fèmti gouvènman an.

Depite Boehner di: "Yon fwa ankò, prezidan an repete aswè a li pap negosye. Nou genyen yon gouvènman kote chak nan 2 pati yo kontwole yon branch, yo chak kontwole yon pouvwa : Demokrat yo kontwole La Mezon Blanch ak Sena a, e Repibliken yo kontwole Chanm Depite a. Nou te voye 4 pwopozisyon diferan bay kòlèg nou yo nan Sena a; yo rejte yo tout. Nou di yo : An n reyini an konferans, an n chita ansanm pou n rezoud divizyon ki egziste antre nou. Yo di yo pap negosye."

Lidè Demokrat yo nan Sena a, Harry Reid, bò kote pa l, fè konnen pati li a dispoze pale de tout bagay ak Repibliken yo, men se si –e sèlman si- yo vini ak yon pwopozisyon pou relouvri gouvènman an san yo pa poze kondisyon pou Kongrè a elimine lwa ki pote refòm nan sistèm swen-sante a e ki rele Obamacare.

Senatè Reid deklare: “Obamacare la se yon lòt plan sekirite sosyal; se yon lòt pwogram federal ki garanti swen-sante. Se youn nan pi gwo reyalizasyon administrasyon sa a. Nancy Pelosi ak Harry Reid travay di sereyezman pou fè l te tounen yon reyalite; e si gen yon bagay nou di klèman nan rankont sa a, sè ke nou pap kite Obamacare la ale.”

Kidonk, rankont ki fèt byen ta mèkredi a nan La Mezon Blanch la, pa debouche sou okenn pwogrè. Analis John Gilmour –kap anseye syans politik nan Inivèsite Paul and Mary nan Eta Vijini-- pale ak VOA pou l di kareman se Repibliken yo ki pwovoke fèmti gouvènman an pou yo bloke aplikasyon lwa sou refòm nan sistèm swen-sante a ki te pase an 2010. Sepandan, Misye Gilmour ensiste pou l di kriz la pap jwenn yon solisyon toutotan opinyon publik la pa leve swa kont Prezidan Obama, swa kont Repibliken konsèvatè ki kont li yo.

Misye Gilmour di: "Sa k dwe fèt pou rezoud pwoblèm nan, se pou l parèt klè ke youn nan 2 kan yo ap ranpòte laviktwa oubyen lap pèdi lafas. Si opinyon piblik la leve kont swa Prezidan an, swa lidè Repibliken yo nan Chanm Bas la, kriz la ap rezoud la menm epi gouvènman an ap relouvri. Men toutotan sa pa fèt, mwen pa wè yon solisyon pou kriz la."

Pwofesè John Gilmour prevwa, finalman, se Repibliken yo ki pral bese ba an premye. Daprè yon sondaj Inivèsite Quinnipiac publiye nan jounen mèkredi 2 oktòb la, 72 pou san sitwayen ameriken yo pa dakò ak fèmti gouvènman an e pi fò nan yo lage responsablite a sou do Repibliken yo.
XS
SM
MD
LG