Accessibility links

Breaking News

Ayiti - Dwadelòm: Pòtoprens Raple Anbasadè li nan Santo Domingo pou Konsiltasyon


Ann Ayiti, Depatman Afè Etranjè a raple anbasadè peyi a an Repiblik dominikèn, Fritz Sinéas, apre tribinal konstitisyonèl dominiken an te deside elimine nasyonalite tout moun ki te pran nesans nan peyi a, alòske paran yo sete etranje ki te an transit (sètadi, ki tap viv ilegalman nan peyi a).

Nouvo desizyon sa a retwo-aktif e li gen konsekans sou etranje ki te nan peyi Panyòl depi ane 1929 rive jous jounen jodi a.

Reyaksyon:

1.-Yon gwoup defans dwamoun ki baze nan vil Boston, New England Human Rights, mande otorite lajistis yo nan Repiblik Dominikèn retounen sou desizyon tribinal konstitisyonèl peyi a. Gwoup la menase pou l lanse yon kanpay medyatik entènasyonal -avèk lèt pou Oganizasyon Nasyon Zini avèk l’OEA, antwòt- pou izole Repiblik Dominikèn si lajistis peyi sa a pa rantre nouvo lwa a.

2.- Anbasadè dominiken an ann Ayiti, Dr. Ruben Silié, fè konnen gouvènman Prezidan Danilo Medina a poko reyaji sou desizyon tribinal konstitisyonèl la pran pou li pa rekonèt “sitwayènte dominikèn” timoun etranje ki te pran nesans nan peyi a apre 1929 –sitou pitit Ayisyen – paske, daprè tribinal la, paran moun sa yo te nan kondisyon iligal. Diplomat la di Lavwadlamerik lap tann reyaksyon gouvènmnan dominiken an ki pa gen anyen pou li wè ak desizyon sa a.

3.- Sou menm dosye a, plizyè gwoup militan ayisyen kap viv an Repiblik Dominikèn ap pran lari jedi 3 oktòb 2013 la pou yo pwoteste kont desizyon tribinal konstitisyonèl dominiken an. Altagrace Jean, yon militant ayisyano-dominikèn, di Lvwadlamerik desizyon an afekte plizyè santèn milye desandan ayisyen ki pa gen okenn koneksyon avèk Ayiti. Madam Jean lanse apèl bay Ayisyen kap viv nan dyaspora a pou li mande yo manifeste devan anbasad ak konsila dominiken nan peyi etranje yo (sitou Ozetazini ak Kanada) pou yo denonse desizyon lajistis dominikèn nan.

Klike sou « koute » pou w swiv yon repòtaj konplè Lavwadlamerik avèk korespondan nou nan Pòtoprens, Rotchild François Jr., korespondan nou nan Boston (Eta Massachusetts,), Wilson Dubuisson, reyaksyon Anbasadè Rubin Silie avèk kòmantè Altagrace Jean
XS
SM
MD
LG