Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Ameriken an Fèmen / Eksplikasyon Prezidan Obama


Touris ap pase tou pre yon siyn ki anonse Estati Libète a fèmen akoz gouvènman ameriken an sispann travay (New York, premye oktòb 2013).
Touris ap pase tou pre yon siyn ki anonse Estati Libète a fèmen akoz gouvènman ameriken an sispann travay (New York, premye oktòb 2013).
Pi fò gouvènman ameriken an sispann travay pou la premyè mwa nan 17 tan, aprè chak nan 2 chanm Kongrè a te rejte plan lòt la te prezante pou finanse fonksyonnman leta federal la menm tanporèman. Jiska 800 mil fonksyonè piblik pa ale travay, alòske sila ki prezante nan biwo yo ap travay san yo pa konnen ki lè leta pral peye yo.

Prezidan Barack Obama, ki tap abòde sitiyasyon an nan mitan jounen madi premye obtòb la, di pat gen nesesite pou lidè repibliken nan Kongrè a fèmen gouvènman an. Misye Obama deklare :

«Fèmti sa a –ki se travay repibliken yo- pat dwe rive e m vle tout Ameriken konprann poukisa sa rive. Repibliken yo nan Chanm Depite a refize finanse aktivite gouvènman si, an menm tan, yo pa kapab elimine finansman pou refòm ki ofri swen sante abòdab pou tout moun nan. Yo fèmen gouvènman an pou yo avanse ak yon kwazad ideyolojik ki anpeche plizyè milyon ameriken jwenn asirans sante. »

Fèmti gouvènman ameriken an pa afekte jounalis ak teknisyen kap travay pou Lavwadlamerik yo ; sepandan li lakoz responsab yo fèmen pak nasyonal yo, mize yo, jaden zowolojik ak botanik yo, ajans sekirite woutye yo, epi sa lage nan chomaj pi fò sivil kap travay pou Depatman Defans la. Men, manm lame amerikèn yo ap kontinye travay e operasyon militè yo, tankou sa kap dewoule nan peyi Afganistan yo, pral kontinye san kanpe.

Se konsa tou, biwo Depatman Sekirite Nasyonal la (Homeland Security Department) ak ajan kap mete sekirite sou fwontyè peyi a, ap kontinye travay. Enskripsyon pou asirans sante Obamacare la kòmanse nan jounen premye oktòb 2013 la.
XS
SM
MD
LG