Accessibility links

Breaking News

Manifestasyon Make 22èm Anivèsè Koudeta kont Prezidan J. B. Aristide la.


Ann Ayiti, lapolis sèvi ak gaz lakrimojèn pou gaye yon manifestasyon ki tap dewoule nan Pòtoprens pou make 22èm anivèsè koudeta militè ki te ranvèse premye gouvènman Prezidan Jean Bertrand Aristide la nan dat 30 sepranm 1991. Manifestasyon te dewoule nan lòt vil peyi a tankou Kapayisyen ak vil Hench.

Yon lòt kote, agronòm Jean Andre Victor, pòt pawòl Mouvman Patriyotik Opozisyon Demokratik la (MOPOD), di se pa kowalisyon politik sa a ki te mete manifestasyon an sou pye, menm si MOPOD te apiye l.

Nan menm jounen 30 septanm nan, yon manifestasyon paralèl te fèt nan Pòtoprens pou sipòte administrasyon Martelly- Lamothe la, menm si manifestasyon sa a pat gen anpil patisipan. Pòt pawòl gouvènman an, Lucien Jurat, di seri aktivite sa yo, ki gen motivasyon politik, montre popilasyon an pa gen pwoblèm pou l eksprime akò li ak dezakò l ak pouvwa an plas la.

Klike sou « Koute » pou w swiv yon repòtaj korespondan nou Clarens Renois.
XS
SM
MD
LG