Accessibility links

Breaking News

Ijans nan Kongrè Ameriken an Pou Evite Fèmti Gouvènman an


Ozetazini, obsèvatè yo espere sena a pral vote, vandredi 27 septanm 2013 la, sou yon pwopozisyon-lwa ki kapab anpeche gouvènman ameriken an fèmen, aprè depite ak senatè fin pase plizyè jou ap pran pozisyon kontrè sou yon lwa ki finanse plan refòm nan sistèm swen-sante a, yon refòm Prezidan Barack Obama konsidere kòm pi gwo reyalizasyon administrasyon n nan jiskaprezan.

Nan jounen jedi a, pandan Prezidan Obama tap vizite yon branch nan Inivèsite Maryland la -swa kolèj kominotè vil Largo a, tou prè Washington--, li te bay reyaksyon pèsonèl li sou efò palmantè repibliken yo ap fè pou yo elimine ak tout fòs sinansman pou refòm nan sistèm swen-sante a.

Misye Obama di : "Okenn lejislati anvan sa ki la jounen jodiya, nan okenn moman nan listwa, pat janmen-janmen montre li iresponsab ase pou l menase anpeche peyi a peye dèt li ; okenn lòt kongrè pat janm menase pou l fèmen gouvènman an, pat janm bloke lajan ki pou pèmèt leta federal la fonksyone, pat janm pa bay Lèzetazini Damerik mwayen pou l fè fas ak obligasyon li yo, paske tou senpleman yo vle kraponnen prezidan an pou l kapab bese ba devan yo epi fè konsesyon ki pa gen anyen pou wè ak bidjè nasyonal la."

Si senatè yo apwouve lejislasyon an pou anpeche gouvènman an fèmen apati de dat premye obtob la, dokiman an ap genyen pou l retounen nan chanm depite a kote palmantè yo dwe apwouve li tou, san chanjman.

2 chanm Kongrè a gen pou rive jwenn yon antant sou kesyon an nan 3 jou ki rete anvan dat kote anplwaye federal yo ka kanpe travay -swa madi premye oktòb la-- si pa gen yon nouvo bibjè.
XS
SM
MD
LG