Accessibility links

Breaking News

Dèy Nasyonal 3 Jou o Kenya aprè yon Atak Teworis ki fè Plis Pase 60 Mò


O Kenya, Prezidan Uhuku Kenyatta, ki tap reyaji aprè yon atak teworis ki fè plis pase 60 mò nan yon sant dacha, fè konnen teworis islamis ki komèt zak kriminèl sa yo, tonbe nan yon lanmè lawont ak defèt; men jiskaprezan moun poko sèten si konfwontasyon an fini.

Nan yon mesaj Misye Kenyatta mete devan nasyon an madi 24 septanm 2013 la, li di gouvènman an dekrete 3 jou dèy nasyonal pou viktim yo. Pou sa ki konsènan teworis yo, li di li konsidere yo kòm yon seri de lach ki pral reponn devan lajistis, ansanm ak konplis yo e patwon yo.

Prezidan Kenyan an ajoute 61 inosan ki tap achte nan sant dacha a, plis 6 sòlda, pèdi lavi yo ansanm ak 6 nan atakan yo; men se posib pou genyen plizyè douzèn kadav anndan sant dacha a toujou. Otorite yo mete men sou 11 moun yo sispèk ki mele nan atak la.
XS
SM
MD
LG