Accessibility links

Breaking News

Rankont Premye Minis Lamothe Mèkredi ak 2 Ofisyèl Depatman Deta


Premye minis Laurent Salvador Lamothe, chèf delegasyon Ayiti nan 68èm Sesyon Asanble Jeneral Nasyonzini an, gen anpil aktivite sou kalandriye li pou mèkredi 25 septanm 2013 la anvan li pran lapawòl jedi 26 septanm nan devan lidè mondyal yo.

Kòm rezilta youn nan rankont chèf gouvènman an fè deja nan New York, yon delegasyon afriken gen pou ale ann Ayiti anvan lontan pou esplore, antwòt, posiblite kowoperasyon nan domèn elektwonik la.

Nan kad aktivite Premye Minis la toujou, li pral rankontre mèkredi 25 septanm nan ak Thomas Adams, kowòdonatè espesyal Depatman Deta pou Ayiti, e avèk yon diplomat ameriken wo-plase, Cheryl Mills.
XS
SM
MD
LG