Otorite ameriken yo kontinye reflechi sou atak ki te touye 12 moun lendi pase 16 septanm 2013 la sou yon baz naval nan Washington e sou fason pou yo evite yon ensidan konsa nan lavni. Otorite yo fè konnen, nan kòmansman mwa sa a, atakan an ki rele Aaron Alexis, te achte revolvè li itilize pou l te komèt krim li yo nan Navy Yard, ki se katye jeneral Lamarin Degè Lèzetazini an.
Nan yon konferans pou laprès ki dewoule mèkredi 18 septanm nan Pentagòn nan, Minis Sefans Chuck Hagel reponn kesyon yon jounalis ki mande poukisa reponsab yo pat aji ou reyaji –an tou pran dispozisyon ki te ka evite atak la-- aprè kèk siyn te montre Aaron Alexis te gen pwoblèm mantal. Misye Hagel di:
« Se klè ke te genyen anpil siyn-avètisman, jan nou di sa deja. Poukisa responsab yo pat wè yo? Poukisa yo pat pran avètisman sa yo an konsiderasyon lè yo tap deside bay (Aaron Elxis) otorizasyon pou l travay ak biwo Leta yo? Pouki yo pat wè kisa l tap fè? Tout sa se kesyon lejitim e nou pral travay sou yo. »
Chèf Pentagòn nan kontinye pou l pale de dispozisyon otorite yo pran pou yo anpeche yon ensidan tankou atak lendi pase a repete nan lavni.
Minis Hagel deklare : "Yè, mwen pase lòd pou yo reyalize 2 revizyon atravè tout Depatman Defans la. Moun kap mennen revizyon sa a, se Vis Minis Defans Ashe Carter, e nou pral fè tout sa k posib pou n anpeche yon ensidan konsa repete."
Minis Hagel te genyen bò kote li kòmandan Wo Eta Majò Lame Lèzetazini an, Jeneral Martin Dempsey. Jeneral Dempsey te reponn, antwot, yon kesyon ki mande eske le fèt ke biwo leta federal yo ap travay ak yon bidjè redui (akoz pwoblèm ekonomik ak divizyon ki egziste ant La Mezon Blanch ak Kongrè a sou domèn fiskal la), eske sa pa genyen move konsekans sou seiurite nan baz militè yo.
Jeneral Depsey di : “Pwoblèm bibjè a pa degrade kalite sekirite a nan Navy Yard e li pa genyen okenn rapò ak sa ki rive a…”
Pòtpawòl Mezon Blanch la, Jay Carney, fè konnen Prezidan Barack Obama pral asiste yon seremoni kap dewoule dimanch 22 septanm nan pou onore viktim atak ki te fèt lendi nan Navy Yard la.