Accessibility links

Breaking News

Meksik-Meteo : 2 Move Tan Koze Lanmò Omwen 47 Moun


O Meksik, 47 moun pou pipiti mouri pandan pasaj 2 move tan marasa ki frape peyi a. Tanpèt twopikal Manuel bloke anviwon 40 mil touris nan otèl ki sou kot Pasifik la, pi presizeman nan rejyon vil Acapulco ki koupe ak rès peyi a akoz inondasyon ak eboulman.

Dlo ki anvayi ayewopò ak otèl yo rive jis nan senti vizitè yo. Lame meksikèn nan ak liyn ayeryèn komèsyal yo tabli yon pon ayeryen pou yo transpòte vizitè yo.

Pandanstan, siklòn Ingrid frape kòt Gòlf Meksik la avèk gwo van ak lapli. Otorite yo sèvi ak elikoptè pou yo transpòte rezidan yo nan zòn kote yo gen sekirite. Konpayi petwòl leta a, Pemex, deplase travayè ki nan 3 platfòm e yo kanpe aktivite nan kèk pwi petwolye.
XS
SM
MD
LG