Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Fòmasyon Yon Komisyon Senatoryal pou Evalye Pwojè-Lwa Elektoral la


Ann Ayiti, Prezidan Sena a, Simon Dieuseul Desra, konfime Gran Kò a mete sou pye yon komisyon ki pral analize pwojè-lwa electoral ke Chanm Depite a deja apwouve.

Komisyon senatoryal la pral travay sou dokiman an malgre yon manm gouvènman an di li pa rekonèt vòt ki te dewoule nan chanm bas la semèn pase a ; paske, daprè minis sa a, vòt la te dewoule san pat genyen kowòm.

Klike sou « koute » pou plis detay avèk korespondan nou Clarens Renois kap reponn kesyon Jean Robert Philippe tou sou lòt pwen aktyalite a ann Ayiti.
XS
SM
MD
LG