Minis defans nasyonal ayisyen an, Jean Rodolphe Joazile, resevwa premye group 41 manm nouvo fòs militè nasyonal la ki sot pase 8 mwa ap antrene nan peyi Ekwatè.
Se premye group militè ki pral fè pati plan administrasyon Martelly-Lamothe la genyen pou l retounen ak lame dAyiti ki te disoud an 1995 .
Nouvo rekri yo, ki pap pote zam, pral travay ak enjenyè militè ekwatoryen yo nan Depatman Latibonit kote yo va repare wout epi travay nan pwojè sèvis piblik.
Gwoup la, ki gen ladan 30 sòlda ak 10 enjenyè, ap rete sou depandans Ministè Defans Nasyonal la.