Nina Davuluri, moun Eta New York, ranpòte konkou Miss America 2014 la nan yon seremoni ki dewoule nan Atlantic City, nan New Jersey. Madmawzèl Davuluri tounen premye fi dorijin endyèn ki ranpòte konkou lejendè sa a.
Miss Davuluri gen 24 tran e li te pran nesans nan vil Syracruse, nan pati nò Eta New York. Li fè konnen li pral sèvi ak 50 mil dola bous detid ki mache ak tit Miss America a pou l ale nan lekòl de medsin.
Pou Nina Davaluri demontre talan li, li te prezante yon dans Bollywood fuzyon. Konkou a te genyen ladan n 52 lòt kandida : youn pou chak eta ameriken, plis vil Washington DC, Porto Rico ak Zil Vyèj ameriken yo .
Pandan ane Madmazwèl Davuluri pral pase kòm Miss America, li pral sèvi kòm pòtpawòl pou lasyans, teknoloji rechèch sou souch selil yo, sou jeni ak matematik; epi li gen pou l fè yon ap vwayaj nan Washington DC pou l travay avek depatman edikasyon ameriken an.