Accessibility links

Breaking News

Washington, Pari ak Lond Egzije yon Delè pou Siri Remèt Zam Chimik Li yo


Lèzetazini, Lafrans ak Lagrand Bretay mete yo dakò sou nesesite pou Nasyon Zini odopte yon rezolisyon dyanm ki fikse kèk delè presi e obligatwa pou Siri remèt zam chimik li-yo. Prezidan fransè a, Francois Hollande, anonse akò a lendi 16 septanm nan, nan vil Pari, aprè yon rankont avèk Sekretè ameriken an, Deta John Kerry, minis afè etranjè fransè a, Laurent Fabius, epi chèf diplomasi britanik la, William Hague. Efò ki te fèt anvan sa, nan Konsèy Sekirite l’ONU an, pou fè fas ak kriz la nan Siri te echwe akoz 2 nan peyi ki gen dwa veto yo (Lachin ak Larisi) te sèvi ak dwa sa a pou yo bloke tout entèvansyon etranje nan zafè Siri.

Rankont ki dewoule nan Pari a vini kèk jou aprè Lèzetazini ak Larisi te anonse yo jwenn yon plan ki mande pou Siri bay tout detay sou lasnal zam chimik li a epi remèt li bay kominote entènasyonal la . Gouvènman siryen an pwomèt pou l konfòme l. Nan menm jounen lendi a, Sekretè Jeneral l’ONU an, Ban Ki-moon, pral fè devan Konsèy Sekirite a e devan Asanble Jeneral la nan New York, yon prezantasyon sou rapò anketè zam chimik l’ONU yo te fè nan Siri, kote yo te ranmase prèv sou atak ak gaz anpwazonnen ki te fèt sou kèk katye nan vil Damas mwa pase a.
XS
SM
MD
LG