Accessibility links

Breaking News

Ameriken ap Komemore 12èm Anivèsè Atak Teworis 11 Septanm 2001 an


Seremoni solanèl ap dewoule nan New York ak Washington, nan jounen mèkredi 11 septanm 2013 la, pou make 12èm anivèsè atak teworis ki pi tèrib Lèzetazini sibi nan tout istwa li e pou onore memwa viktim yo. Anviwon 3 mil moun te pèdi lavi yo aprè militan rezo teworis al-Kayda te fè fè kèk avyon al kraze sou 2 tou marasa World Trade Center la nan New York epi sou lokal Pentagòn nan nan Washington. Yon 3èm avyon t al tonbe sou yon plenn nan Eta Pennsilvani.

Nan seremoni ki dewoule New York la, pwogram nan te genyen yon pati kote yo te li non viktim yo anvan dènye patisipan an te fini lekti a avèk mo sa yo : « Nou renmen viktim yo e nou sanje yo anpil.” Pami moun ki te envite nan seremoni an, kèk te gen nan men yo foto manm fanmi yo ki te mouri nan atak la.

Nan Washington, Prezidan Barack Obama ak plizyè diyitè te obsève yon moman silans a 8tè 35 di maten, swa lè kote premye avyon an t’al kraze sou World Trade Center la nan New York. Misye Obama genyen pou l asiste tou yon seremoni kap dewoule nan Pentagòn nan –kidonk, lokal Depatman Defans la-- kote asistans la pral genyen ladan n manm fanmi 100 moun ki te peri lè yon avyon t’al tonbe sou katye jeneral fòs Zame Lèzetazini an.

Oganizatè komemorasyon an prevwa yon 4èm seremoni nan vil Shanksville, nan Eta Pennsilvani, kote vòl 93 konpayi United Airlines te tonbe avèk 33 pasaje plis 7 manm ekipaj nan dat 11 septanm 2001 an. Tout moun sa yo te pèdi lavi yo. Avyon sa a te tonbe pandan pasaje yo tap batay pou yo repran kontwòl aparèy la nan men teworis yo ; daprè sa moun kwè, plan teworis yo sete pou yo t al kraze avyon an sou yon edifis piblik nan Washington.
XS
SM
MD
LG