Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: Kout Chapo Premye Minis Lamothe pou Chanm Depite a


Premye Minis ayisyen an Laurent Lamothe, k ap fè yon toune sou kontinan ewopeyen an, prezante konpliman li bay depite yo poutèt yo vote, menm si se difisilman, pwojè-lwa elektoral la avan yo ale an vakans.

Misye Lamothe repete volonte gouvènman an pou l apiye pwosesis elektoral la e li swete tout bagay va pare pou vòt la dewoule anvan lontan, menmsi li pa fikse yon dat.

Chèf gouvènman ayisyen an ensiste sou le fèt ke òganizasyon eleksyon se responsablite Kolèj Tranzitwa Konsèy Elektoral la.

Yon lòt kote, Asistan Sekretè Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an, Anbassadè Albert Randim, fè yon vizit 24 trè ann Ayiti kote li deklare l’OEA pare pou l apiye pwosesis elektoral la.

Li ofri asisans teknik ak lojistik òganizasyon an, pandan li di l’OEA dispoze voye yon ekip obsèvatè al swiv eleksyon an si Ayiti fè demand la.

Klike sou « koute » pou plis detay avèk korespondan nou Clarens Renois k ap reponn kesyon Jean Robert Philippe sou aktyalite a ann Ayiti.
XS
SM
MD
LG