Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Lamothe Satisfè ak Dewoulman Rankont Ekonomik Petro-Caribe a ann Ayiti


Minis Afè Etranjè divès peyi Karayib la ak Amerik Latinn nan retounen lakay yo nan fen weekend nan aprè yo fin patisipe nan 11èm somè Zòn Ekonomik Petro-Caribe a nan Petyonvil.

Premye Minis ayisyen an, Laurent lamothe, ki te pran lapawòl nan fen rankont la, mete aksan sou avantaj Ayiti jwenn nan pwogram Petro Karibe a.

Li chante lwanj defen prezidan venezuelyen Hugo Chavez poutèt li te pran inisaysiv mete plan Pero-Caribe a sou pye. Misye Lamothe di, pa egzanp, gras ak plan sa a, genyen anviwon 700 mil timoun ayisyen ki prale lekòl pou la premyè fwa.

Poutèt sa e plis ke sa « Ayisyen pap janm bliye Chavez », deklarasyon chèf gouvènman ayisyen an.

Klike sou “ Koute ‘’ pou w swiv yon repòtaj korespondan nou Rotchild François Junior.
XS
SM
MD
LG