Accessibility links

Breaking News

Ayiti Se Syèj 11èm Rankont Peyi-Manm Zòn Ekonomik Petwo-Karibe a (ZEP)


Petyonvil, ki sou yon distans kèk kilomèt o nò-dès Pòtoprens, se syèj 11èm reyinyon ministeryèl peyi manm Zòn Ekonomik Petwo-Caribe a (ZEP).

Rankont sa a, kap reyini 21 peyi (pami yo genyen Ajantin, Pewou ak Bolivi) pral dewoule vandredi 6 ak samdi 7 septanm 2013 la.

Minis Ayisyen pou Lit kont Povrete a, Rose-Anne Auguste, fè konnen se yon okazyon pou peyi d Ayiti ranfòse relasyon ekonomik li ak patnè li yo nan Karayib la ak Amerik Latin nan.

Daprè Madam Auguste toujou, youn nan objektif Ayiti se eksplore mwayen pou l ogmante echanj tout kalite kap fèt ant li-menm avèk peyi manm ZEP la.

Klike sou “koute” pou w swiv yon repòtaj Clarens Renois.
XS
SM
MD
LG