Accessibility links

Breaking News

Yon Aksyon Militè Kont Siri Nan Enterè Nasyonal Etazini


Sekretè deta ameriken an, John Kerry, deklare si yo pran aksyon militè kont Siri, se yon desizyon k ap nan enterè nasyonal Etazini.

Msye Kerry fè deklarasyon sa a devan Komisyon Relasyon Etranjè sena ameriken an madi. Li di pa gen okenn dout se rejim Assad la ki te lanse atak ak zam chimik kont sivil yo nan Siri.

Li ajoute gen bonjan evidans ki montre militè siryen yo te byen prepare atak la, e li di bon sans montre se pa rebèl yo ki responsab atak ak zam chimik la nan Siri.

Kèk palmantè ameriken gen dout pou konnen si Etazini dwe enplike nan konfli siryen an. Sekretè deta Kerry fè konnen ekstremis pa konn sa yo ta fè pou yo posede zam chimik e li kwè prezidan Assad pral sèvi ak kalte zam sa yo ankò.
XS
SM
MD
LG