Prezidan Barack Obama deklare jodi a se kredibilite kominote entènasyonal la ki anje e non kredibilite pa li si swadizan atak ak zam chimik Siri ta fè kont pwòp popilasyon li an pa resevwa yon repons.
Pandan yon konferans pou laprès nan vil Stockholm, nan peyi Lasuèd ak premye minis suedwa a, Frederik Reinfeldt, lidè ameriken an di se pa li ki “fixe liy wouj” konsènan itilizasyon zam chimik yo, men se pisans mondyal yo ki te fikse li lè yo te apwouve trete kont itilizasyon kalte zam sa yo”.
Misye Obama deklare li menm ak premye minis Lasuèd la tonbe dakò pou di kominote entènasyonal la pa kapab rete bouch fèmen anfas “barbari” kap fèt nan Siri a e si yo pa reyaji sa pral ogmante posiblite pou genyen plis atak konsa fèt toujou.
Misye Obama di: mwen panse nou dwe aji paske si nou pa fè sa, se komkidire nou di “menm lè nou kondane sak pase a e adopte rezolisyon, elatriye” yon nonm ki pa wont e ki pa bay rezolisyon okenn valè ka kontinye aji san pinisyon. E, konsa nòm ak standar entènasyonal yo ap koumanse degrade…epi diktatè, despòt ak rejim gwo ponyèt yo kapab di “nou kapab komèt zak konsa e anyen pap rive n”.