Accessibility links

Breaking News

Komisyon Palmantè k ap Travay sou Pwojè Lwa Elektoral la, Kapab Remèt Rapò li Madi 3 Septanm 2013 la


Ann Ayiti, yon regwoupman pati politik nan opozisyon an chita-pale ak depite yo nan palman an pou yo te abòde sitiyasyon politik la nan peyi a. Rankont sa a dewoule nan moman yon komisyon chanm bas la kap travay sou pwojè lwa elektoral la, anonse li byen kapab remèt rapò li madi 3 Septanm 2013 la.

Yon lòt kote, reprezantan Oganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) ann Ayiti, Frederic Boltuc, pale pou l di tout ofisyèl kit e pase nan eleksyon yo, dwe fini manda yo kòmsadwa. Misye Boltuc fè deklarasyon sa a kèk jou aprè Marc Desjardins, No. 2 nan anbasad amerikèn nan nan Pòtoprens, te pale nan menm sans la aprè yon rankont ak lidè palman ayisyen an.

Klike sou <Koute> pou w swiv yon repòtaj korespondan nou Rotchild François Junior.
XS
SM
MD
LG