Accessibility links

Breaking News

Washington ak Paris ap Chache yon Kowalisyon pou yon Aksyon Militè kont Siri


Chèf diplomasi administrasyon Obama a ak pi gwo ofisyèl pami responsab defans nasyonal Lèzetazini an --Sekretè Deta John Kerry ak Minis Defans la, Chuck Hagel-- genyen pou yo prezante madi 3 septanm 2013 la devan yon komisyon Sena a pou yo reponn kesyon sou otorizasyon administrasyon an mande Kongrè a pou l lanse yon aksyon militè kont Siri. 2 otorite sivil sa yo pral genyen bò kote yo kòmandan wo etamajò lame Lèzetazini an, Jeneral Martin Dempsey.

Prezidan Obama fè konnen li bezwen otorizasyon Kongrè a anvan li pase lòd pou lame amerikèn nan lanse yon aksyon sou Siri poutèt peyi sa a ta swadizan itilize gaz chimik kont pwòp popilasyon sivil li –yon aksyon ki koze lanmò plis pase mil moun, pami yo geyen plizyè santèn timoun ak fanm. Otorite yo kontinye òganize rankont ak tout pòt fèmen avèk manm Kongrè a nan kad efò yap deplwaye pou yo chache jwenn apui depite yo ak senatè yo pou plan Prezidan Obama a.

Aprè yon rankont konsa 2 senatè repibliken, John McCain ak Lindsey Graham, te genyen lendi ak Misye Obama, yo di yo satisfè ak sa k sòti nan bouch prezidan an. Kantapou Senatè McCain, li ensiste sou nesesite pou Kongrè a adopte yon rezolisyon ki febli rejim prezidan siryen an, Bashar al-Assad, tandiske efò dwe fèt, daprè li, pou bay militan rebèl yo plis jarèt.

Senatè McCain di: “Si Kongrè a ta rejte yon rezolisyon konsa aprè Prezidan Etazini an fin pran desizyon pou l lanse yon aksyon, konsekans yo tap katastwofik pou sa k gen rapò ak kredibilite peyi sa a devan je zanmi nou yo ak alye nou yo; konfyans yo nan nou tap fini nèt; e se pa tap yon move konsekans pou prezidan sa a sèlman, men pou tout prezidan nap genyen nan lavni.”

Pandansetan, nan Larisi, 2 palmantè peyi a rankontre lendi ak Prezidan Vladimir Putin sou kesyon pou gouvènman an voye yon delegasyon palmantè nan Washington pou ankouraje kòlèg ameriken yo pou yo pa apiye yon aksyon kont rejim Damas la. Valentina Matvienko se prezidant Konsèy Federasyon Rus la.

Madam Matvienko deklare: “Konsèy federasyon an ak Douma (Chanm Depite ris la) eksprime gwo kè-sote yo devan sitiyasyon an nan Siri. Nou apiye totalman politik ki mande pou moun pa pran okenn aksyon, pa fè okenn entèvansyon san yon rezolisyon l’ONU ki sanksyone aksyon sa a; san pa gen yon rezon valab pou sa, san nou pa rive pwouve Siri te vyole dwa entènasyonal. Nap pale la a de anons ki di Prezidan ameriken an pral chache jwenn otorizayon Kongrè a pou yon posib aksyon kont Siri. Nou panse palman peyi nou yo dwe pran yon patisipasyon pi aktif nan tout desizyon konsa. ”

Bò kote pa l, Prezidan Vladimir Putin di desizyon Misye Obama pran pou l mande otorizasyon Kongrè a anvan li lanse yon aksyon militè kont Siri, se –nap site: “Yon aksyon ki korèk e ki vini atan..”

Toujou sou dosye Siri a : Nan moman prezidan ameriken an, Barack Obama, ap chache apui Kongrè a pou yon aksyon militè kont Siri, Lafrans anonse li pap aji pou kont li si li deside pase alaksyon kont rejim Prezidan Bashar al-Assad la. Se sa Premye Minis Jean-Marc Ayrault deklare nan yon pwendeprès li bay nan fen jounen lendi 2 septanm nan, nan kad efò otorite yo vap deplwaye pou yo konvenk opinyon piblik fransè a.

An reyalite, majorite fransè yo poko dakò ak lide pou peyi yo patisipe nan yon aksyon militè kont Siri. Pou otorite yo nan Palè Elize a e nan tout administrasyon piblik la an Frans, aksyon rejim Assad la reprezante yon menas pou sekite mondyal la e yo vle anpeche li itilize zam chimik ankò swa kont popilasyon li a, swa kont yon lòt peyi. Premye Minis Ayrault mete aklè devan pèp fransè a sa li rele « enjeux » yo e li eksplike nesesite yon aksyon militè kont Siri. An fèt, daprè sa Misye Ayrault di, otorite yo nan Paris, kap chache fòme yon kowalisyon pou aksyon sa a, kwè li nesesè pou yo bay yon repons fèm e dyanm aprè aksyon Prezidan Bashar Al-Assad ke yo konsidere kòm yon diktatè.
XS
SM
MD
LG