Ann Ayiti, komisyon chanm depite a kap travay sou pwojè lwa elektoral la kapab soumèt rapò li devan tout chanm nan semen sa a menm. Yon lòt kote, 2 blòk minoritè nan chanm bas la met tèt yo ansanm pou yo entèpele Premye Minis aysiyen-an, Laurent Salvador Lamothe. Depite blòk “Palmantè pou Ranfòsman Enstitisyonèl” (PRI), Vikens Derilus, bay Lavwdlamerik kèk detay sou objektif entèpelasyon an.
Bò kote pa l, pòtpawòl blòk “Palmantè pou Stabilite Politik la” (PSP), depite Kenston Jean-Baptiste, pwononse l kont entèpelasyon Premye Minis Lamothe la. Li fè Lavwadlamerik konnen pryorite palman an pou le moman, se pwojè-lwa sou blanchiman lajan an ak pwojè-lwa electoral la.
Klike sou « Koute » pou w swiv yon repòtaj sou 2 pwen sa yo nan aktyalite a ann Ayiti.