Prezidan 2 chanm palman aysiyen an rankontre, nan jounen lendi 26 out 2013 la, avèk plizyè dirijan pati politik sou sitiyasyon politik peyi a. Apre rankont la, prezidan Sena a, Dieuseul Simon Desra, di si Prezidan Michel Martelly pa prezante nan seyans ouvèti palman an an janvye 2014, palmantè yo pral « konstate demisyon Misye Martelly ».
Avèk deklarasyon sa a, Misye Desra bay pozisyon palman an sou posiblite pou eleksyon pa ta dewoule anvan fen ane a, yon senaryo ki, daprè kèk obsèvatè, ta ouvè pòt la pou Prezidan Martelly dirije ak dekrè, paske Sena a pa tap genyen 2/3 manm li yo.
Sepandan, sa pa gen lontan yon gwoup senatè te siyen yon dokiman ki fikse fen manda yo an janvye 2015 e non janvye 2014 ---e sa elimine tout kadisite gran kò a pou janvye 2014.
Yon lòt kote, prezidan CT-CEP a (Kolèj Tranzitwa Konsèy Elektoral Pèmanan an), Emmanuel Ménard, di yon fwa konsèy la fin remèt pwojè-lwa elektoral la bay pouvwa egezekitif la, li pa kapab fè (e li pa gen dwa fè) anyen pou l enfliyanse desizyon ni prezidans la, ni palman an.
Anfen, nan dat 26 out 2013 la, vis-prezidan IFES (Fondasyon Entènasyonal pou Sistèm Elektoral yo), Michael Svettlik, siyen avèk ofisyèl CT-CEP a yon akò kote li di IFES pran angajman pou l pote yon kontribisyon total-kapital nan reyalizasyon pwochen eleksyon yo.
Klike sou “Koute” pou w swiv yon korespondans Rotchild Francois Junior depi Pòtoprens.