Yon gwoup depite ayisyen ekri Prezidan Barack Obama yon lèt kote yo mande l ranplase anbasadè Pamela White poutèt, daprè palmantè yo, diplomat la ta twò pwòch gouvènman Martelly/Lamothe la.
Palmantè ki siyen lèt la di chèf misyon diplomatik Lèzetazini an pa montre netralite yon anbasadè dwe afiche lè l ap pale ou aji sou sitiyasyon an nan peyi d Ayiti.
Yon lòt kote, prezidan sena ayisyen an, Dieuseul Simon Desra, ap rankontre, nan jounen lendi 26 out 2013 la, avèk yon gwoup lidè politik pou yo diskite sou sitiyasyon jeneral la nan peyi a.
Pami tèm diskisyon yo genyen, antwòt: òganizasyon pwochen eleksyon yo, bidjè nasyonal la, avèk yon amandman konsitisyon an.
Klike sou “koute” pou w swiv yon entèvyou korespondan nou Clarens Renois ak Jean Robert Philippe sou pwen sa yo ak lòt kap domine aktyalite a nan peyi d Ayiti.