Accessibility links

Breaking News

Ayiti - Rapò Lapolis: Gwo Amelyorasyon nan Zafè Ensekirite a


Ann Ayiti, otorite lapolis yo, ki rankontre ak laprès jedi 22 out 2013 la, fè konnen klima ensekirite a amelyore anpil-anpil nan peyi a pandan peryòd jen-jiyè 2013 la, espesyalman nan kapital la, Pòtoprens.

Daprè PNH (Polis Nasyonal d Ayiti), kantite kidnaping yo bese anpil nan peryòd la, kote yo te anrejistre 2 ka ke otorite yo rezoud rapidman. PNH fè konpliman pou kowoperasyon gran piblik la nan efò ki fèt pou bay rezilta sa yo e yo mande sitwayen yo kontinye ede lapolis nan reyalizasyon travay la.

Yon lòt kote, manm Chanm Bas la rete divize sou validite yon vòt ki te dewoule sa pa gen lontan pou apiye yon desizyon Sena a te pran sou pwolongasyon manda yon tyè manm Chanm Wòt la.

Pou kèk depite, vòt la te fèt nan yon komisyon sèlman; pou kèk lòt, se tout chanm bas la ki te pwononse l sou kesyon an. Eske tout Chanm Depite a pral retounen sou dosye sa a ? Kesyon an rete poze.

Anfen, biwo prezidans la nan Pòtoprens fè parèt yon nòt kote li di, finalman, ki kote prezidan Michel Martelly ye –an tou ka kote li pral ye ant le 23 ak le 25 out 2013 la.

Chèf Deta ayisyen an pral patisipe nan CARFIESTA, kap dewoule nan peyi Sirinam. Se yon evennman ki fèt chak ane, kote dirijan ak sitwayen peyi karayib yo rasanble pou yo jwi e pataje mizik yo, kuizin, yo, pwodui atistik yo, elatriye.

Korespondan nou nan Pòtoprens Clarens Renois ap reponn kesyon Jean Robert Philippe sou rapò PNH la ak lòt pwen kap domine aktyalite a ann Ayiti.
XS
SM
MD
LG