Accessibility links

Breaking News

Lèt Tou Louvri Prezidan Martelly pou Pèp Ayisyen an


Nan Pòtoprens, Prezidan Michel Martelly mete yon lèt tou louvri devan pèp ayisyen an kote li ekspoze pwoblèm peyi a ak pati politik yo ap konfwonte. Lidè ayisyen an ekri lèt la yon jou apre li te anile yon rankont li te gen pou l fè ak lidè pati ak regroupman politik yo.

Nan lèt sa a, Misye Martelly ensiste sitou sou dosye elektoral la ; li atire atansyon sou le fèt ke peyi a an jeneral e pati politik yo an patikilye, pa pare pou yon sitiyasyon kote eleksyon ta dwe dewoule chak ane. Daprè Prezidan Martelly, gen twòp pati politik ann Ayiti (plis pase 100) e li lanse lide pou divès pati ou regwoupman politik ki genyen menm tandans, ta fè alyans e tounen yon sèl pati.

Lèt la di se pwoblèm sa yo, antwòt, prezidan an ta pral abòde ak lidè pati politik yo nan rankont anile ki te fikse pou mèkredi 14 out 2013 la.

Klike sou « koute » pou w swiv yon entèvyou korespondan nou Clarens Renois bay Jean Robert Philippe sou kontni lèt Prezidan Martelly a.
XS
SM
MD
LG