Accessibility links

Breaking News

Anilasyon Rankont Martelly ak Lidè Opozisyon an – Reyaksyon Evans Paul


Evans Paul, lidè KID, di desizyon pou anile yon rankont ant Prezidan Martelly ak lidè pati politik yo sou òganizasyon pwochen eleksyon yo, “se yon pa nan bon direksyon an”.

Misye Paul kontinye pou l di pouvwa egzekitif la ta dwe tabli dabò yon klima konfyans resipwòk ant li-menm ak lidè opozisyon an, anvan pou yon rankont konsa dewoule.

Lidè KID la atire atansyon sou le fèt ke Prezidan Martelly pa sispann lanse siyal depaman sou volonte li pou l wè eleksyon dewoule nan peyi a anvan fen ane 2013 la.

Klike sou “koute” pou w swiv yon entèvyou ant Evans Paul avèk Jean Robert Philippe.
XS
SM
MD
LG