Accessibility links

Breaking News

Anilasyon yon Rankont Prezidan Martelly ak Lidè Pati Politik yo


Prezidan Michel Martelly anile yon envitasyon li te voye bay plizyè pati ak regwoupman politik pou yo te patisipe nan yon rankont sou òganizasyon pwochen eleksyon yo.
Prezidan Michel Martelly anile yon envitasyon li te voye bay plizyè pati ak regwoupman politik pou yo te patisipe nan yon rankont sou òganizasyon pwochen eleksyon yo.
Prezidan Michel Martelly anile envitasyon li te fè plizyè Pati ak regroupman politik nan yon rankont kote yo tap gen pou diskite sou òganizasyon pwochen eleksyon yo.

Nouvèl yo fè konnen prezidans la pran desizyon an aprè prensipal lidè politik yo te anonse yo pa tap reponn prezan nan rankont sa a, paske yo pa enterese konnen opinyon Prezidan Martelly sou sijè rankont la, an palan de òganizasyon pwochen eleksyon yo.

Kèk nan lidè politik yo reyaji konsa aprè chèf deta a te mande kolèj elektoral la itilize lwa elektoral 2008 la pou òganize eleksyon anvan fen ane a.

Klike sou “koute” pou w swiv yon entèvyou korespondan nou Clarens Renois bay Jean Robert Philippe sou nouvèl sa a ak kèk lòt pwen kap domine aktyalite a ann Ayiti.
XS
SM
MD
LG