Accessibility links

Breaking News

Ayiti - Eleksyon: Ki Lwa Elektoral ki Pral Sèvi pou Oganize Eleksyon yo?


Ann Ayiti, kesyon ap poze pou mande ki lwa elektoral ki pral sèvi pou òganizasyon pwochen eleksyon yo: Lwa 2008 la oubyen nouvo dokiman Kolèj Tranzitwa Konsèy Elektoral Pèmanan an (CT-CEP) fèk prepare a e ki nan men Pouvwa Egzekitif la depi plis pase 2 semèn deja?

Kesyon sa a ap poze paske sanble Prezidan Michel Martelly ta renmen wè kolèj elektoral la sèvi ak lwa 2008 la ki bay plis posiblite pou eleksyon fèt pou 2 tyè sena a, jan prezidans la swete sa a.

Sepandan lide sa a pa jwenn bon resepsyon ditou bò kote kèk manm CTCEP a. Pa egzanp, Leopold Berlanger, youn nan manm yo, di li pa dakò ak yon demand Prezidan Martelly fè nan sans sa a; youn nan rezon li bay pou sa, sè ke lwa elektoral 2008 la pa ann akò akò ak konstitisyon amande ki an vigè kounyela.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute yon repòtaj korespondan nou Rotchild Francois Junior ki pale ak Misye Berlanger apre konseye elektoral la te patisipe nan yon rankont ak Prezidan Martelly. Rotchild reponn kesyon Jean Robert Philippe sou dosye elektoral la .
XS
SM
MD
LG