Accessibility links

Breaking News

Lèt Tou Louvri OPL pou Prezidan Michel Martelly


Lidè pati politik Òganizasyon Pèp kap Lite (OPL), pwofesè Sauveur Pierre-Etienne, fè konnen pati a voye bay Prezidan Michel Martelly yon lèt tou louvri pou pale de sitiyasyon peyi a nan moman Misye Martelly envite lidè politik yo nan yon reyinyon Mèkredi 14 out 2013 la pou yo abòde dosye elektoral la.

Pwofesè Pierre-Etienne, ki pat vle di si wi nou non pati a ap reponn envitasyon an, di pwopozisyon Pouvwa Egzekitif la fè pou CT-CEP a itilize lwa elektoral 2008 la pou l òganize eleksyon yo, se yon taktik dilatwa pou palman an rive nan yon pwen kote li pa ka opere epi pou « Prezidan Martelly fè yon koudeta palmantè » kote li ta konsantre tout povwa anba men li epi dirije ak dekrè.

Daprè Misye Pierre-Etienne, sa kapab debouche sou « yon sounami politik ».

Klike sou « koute » pou w swiv yon pati nan yon entèvyou Misye Pierre-Etienne bay Jean Robert Philippe.
XS
SM
MD
LG