Accessibility links

Breaking News

Ayiti/Politik: Premye Minis Lamothe di “Gouvènman an Vle Oganize Eleksyon”


Premye Minis Laurent Lamothe di objektif gouvènman an se òganize eleksyon senatoryal pasyèl yo ak vòt sou fòmasyon kolektivite teritoryal yo anvan fen ane a.
Premye Minis Laurent Lamothe di objektif gouvènman an se òganize eleksyon senatoryal pasyèl yo ak vòt sou fòmasyon kolektivite teritoryal yo anvan fen ane a.
Premye Minis ayisyen an, Laurent Lamothe, fè konnen objektif gouvènman an se òganize eleksyon senatoryal pasyèl yo ak vòt pou kreyasyon kolektivite teritoryal yo anvan fen ane a.

Li ensiste soule fèt ke Pouvwa Egezitif la kontinye pase an revi lwa elektoral Kolèj Elektoral la voye ba li a --yon operaseoyn difisil ki mande tan, serye ak anpil atansyon.

Nap raple divès sektè lanse akizasyon pou di gouvènman Martelly-Lamothe la pa gen volonte pou l òganize eleksyon anvan fen ane a e gen lidè politik ak dirijan sosyete sivil la ki lanse apèl pou mande demisyon Misye Martelly si eleksyon yo pa dewoule nan delè sa a.

Yon lòt kote, nan yon rankont avèk laprès pandan weekend nan, anbasadris Lèzetazini nan Pòtoprens la, Pamela White, di Washington ofri yon sòm 10 milyon dola pou apiye pwosesis elektoral la. Daprè diplomat la, « eleksyon posib toujou ann Ayiti anvan fen ane 2013 la. »

Klike sou <<koute>> pou w swiv yon repòtaj Rotchild François Junior.
XS
SM
MD
LG