WASHINGTON, D.C. —
Ann Ayiti, yon chirepit ap devlope ant Prezidan Michel Martelly ak RDNP (Rasanbleman Demokrat Nasyono-Pwogresis) apre lidè ayisyen an fin akize chèf pati a, Myrlande Manigat, deske li va ap fè konplo pou rannvèse gouvènman an.
RDNP fè parèt yon nòt pou laprès kote li rejte akizasyon Prezida Martelly lanse endirèkteman pou l di kòmkwa Sekretè Jeneral pati a, Mirlande Manigat, ta vap fè konplo pou ranvèse gouvènman an.
Nòt la di Madam Manigat se yon moun ki respekte prensip demokratik yo ki pa konpatib ditou avèk okenn nosyon koudeta.
Sa pa gen lontan, RDNP te pami yon gwoup pati opozisyon ki te lanse apèl pou yo mande òganizasyon eleksyon nan peyi a anvan fen ane 2013 la ; daprè dirijan pati sa yo, si eleksyon pa dewoule nan delè sa a, Prezidan Martelly ta dwe bay demisyon n.
Klike …. pou w tande detay avèk korespondan nou Clarens Renois kap reponn kesyon Jean Robert Philippe sou pwen sa a ak lòt kap domine aktyalite a ann Ayiti.