Nan fen yon vizit yon semèn Pap François fè o Brezil, li retounen Vatikan aprè li fin chante yon gwo mès sou gwo kokenn plaj Rio de Janeiro a, Copacabana, dimanch 28 jiyè 2013 la, kote li mete fen nan selebrasyon Jounen Mondyal Jenès la. Yon afè de 3 milyon moun te prezan sou plaj la pou yo te asiste dènye mas pap la chante nan okazyon vizit li a. Anpil nan yo te vini depi nan samdi e yo te dòmi la pou yo pat rate chans pou yo wè pap la yon dènye fwa.
Pandan vizit la, chèf Legliz Katolik la ensiste sou prensipal mesaj li pou fidèl katolik yo --kit yo se relijye, kit yo se layik: Sè ke yo dwe kite zòn konfò yo, kite plas kote yo alèz la, epi lonje lamen bay sila yo ki pòv, sila yo ki defavorize nan kominote kote yap viv la.
Pandan pap la te sou wout ant Brezil ak vil Wòm, li lonje lamen bay fidèl omoseksyèl yo nan Legliz Katolik; men li di pòt la rete fèmen pou òdinasyon fi kòm prèt. Souvren Pontif la, ki pale ak manm laprès nan avyon ki tap mennen li retounen nan vil Wòm nan, di li pap emèt okenn opinyon pèsonèl sou pè omoseksyèl yo. Li deklare –nap site:
« Si yon moun omoseksyèl epi li chache Gran Mèt la ak tout bòn volonte, kisa m ye pou m jije moun sa a ? » fen sitasyon.
Daprè Pap François –ki pale ak laprès pandan 1 nèd-tan edmi- legliz toujou konsidere omoseksyalite kòm yon peche; sepandan moun pa dwe izole gason-makòmè yo poutèt oryantasyon seksyèl yo.