Accessibility links

Breaking News

Irak/Eksplozyon : Anviwon 50 Mò ak plis pase 200 Blese


Divès eksplozyon sakaje Irak kote 48 moun omwen mouri tandiske plis pase 200 lòt blese.
Divès eksplozyon sakaje Irak kote 48 moun omwen mouri tandiske plis pase 200 lòt blese.
Irak-Vyolans: Yon vag eksplozyon machin pyeje sakaje peyi a kote 48 moun omwen mouri tandiske plis pase 200 lòt blese, nan moman nasyon an ap fè fas ak yon relans zak vyolans ak tansyon ki repoze sou divizyon pou rezon relijye, etnik oubyen politik.

Pi fò nan eksplozyon sa yo, ki rive nan jounen lendi 29 jiyè 2013 la, frape rejyon kote majorite popilasyon an se irakyen chiyit kap viv ozalantou Bagdad, kapital la, tandiske gen yon bonm ki eksploze nan vil Basora, nan pati sid peyi a.

Pèsonn moun ni gwoup moun poko pran responsablite pou atak sa yo. Byen souvan, gwoup afilye rezo al-Kaida a nan Irak konn sèvi ak eksplozyon machin pyeje kowòdone pou l chache destabilize gouvènman an kote majorite chèf yo se sitwayen chiyit.

Anpil Irakyen sunnit abitye òganize mouvman pwotestasyon kont gouvènman an, paske, daprè yo, li pa fè anyen pou l satisfè bezwen yo e li mete yo a-leka politikman.
XS
SM
MD
LG