Yon tanperati kap kwit moun nan pi fò pati lès Lèzetazini, te kontinye pandan jounen jedi 18 jiyè 2013 la plizyè kote nan rejyon an, sòti nan vil Washington, D.C. pou rive Chikago kote tanperati a te monte men wòtè.
Doktè di, menm lè pi fò moun jwenn mwayen pou yo rafrechi yo, lopital ak sant de sante yo resevwa nan sal dijans yo yon seri vizit ki gen rapò ak chalè. Daprè Sèvis Metewoloji Nasyonal la, nan pi fò eta ameriken yo, tanperati a te monte rive jiska 32 degre santigrad –swa anviwon 100 degre fahrenheit.
Men rejyon mid-atlantik la –pi presizeman rejyon ki sòti depi vil Washington pou rive New York-- te fè fas ak yon tanperati ki te pi wo toujou. Imidite a te fè moun santi yon tanperati ki te depase 37 degre santigrad ou anviwon 115 degre fahrenheit.
Tanperati elve a pa anpeche touris vizite sit istorik yo nan kapital federal Lèzetazini an. Kèk rejyon nan peyi a kapab jwenn yon soulajman a pati de weekend nan, kote tanperati a pral bese nan moman yon van frèt ap sòti Kanada e lap deplase nan direksyon sid.