Accessibility links

Breaking News

Haiti/Jistis : Prezidan Martelly Rejte Tout Enplikasyon nan Lanmò Jij Jean Serge Joseph


Nan yon entèvyou Prezidan Michel Martelly bay yon radyo nan Pòtoprens, Ayiti, li rejte akizasyon ki di kòmkwa otorite nan gouvènman an ta genyen yon responsablite nan lanmò jij Jean Serge Joseph ki te sikonbe anba « yon atak kadyak » samdi 13 jiyè pase a nan Lopital Bernard Mevs, nan kapital la.

Misye Martelly di li pa gen okenn detay pou l bay sou afè a, puiske li pa genyen anyen a-revwa ak lanmò Mèt Joseph, ki tap dirije yon ankèt sou swadizan koripsyon ki ta genyen nan mitan yon òganizasyon ki anba kontwòl Premyè Dam ayisyèn nan, Sophia Martelly, ak pitit-gason koup prezidansyèl la, Olivier Martelly.

Se konsa tou, Prezidan Martelly rejte akizasyon ki fè konprann Pouvwa Egzekitif la pa genyen enterè wè eleksyon dewoule nan peyi a anvan fen ane 2013 la. Pou sa ki konsène pwojè-lwa elektoral la, ki nan men egzekif la depi plis pase 3 semèn deja, lidè ayisyen an di prezidans la gen yon ekip espesyalis kap etidye dokiman an e yo dwe pran tan ki nesesè pou yo fè travay la avèk anpil atansyon e avèk serye.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute yon repòtaj Clarens Renois kap reponn kesyon Jean Robert Philippe sou 2 pwen nou touche yo ak lòt tèm kap domine aktyalite a ann Ayiti.
XS
SM
MD
LG