Accessibility links

Breaking News

Etazini - Jistis : Reyaksyon Aprè Vedik “Non Koupab” ki Mete Fen nan Pwosè Zimmerman nan

Plizyè milye manifestan pran lari nan divès vil amerikèn, byen ta dimanch 14 jiyè 2013 la, pou yo pwoteste kont jiri ki akite George Zimmerman ki te anba akizasyon deske li te touye anba bal jenn nwa ameriken Trayvon Martin ki pat gen zam sou li.

Manifestasyon pasifik ap kontinye dewoule nan vil tankou New York, San Francisco, Boston, Detroit ak Chicago pou denonse sa manifestan yo konsidere kòm yon vèdik ki baze sou ras viktim nan.

Nan Los Angeles, lapolis arete omwen 6 moun nan yon operasyon kote polisye anti-emet tap eseye kraze yon ransanbleman ilegal tou prè lokal chèn televizyon pa kab CNN.

Bò kote pa l, Prezidan Barack Obama lanse yon apèl dimanch pou l mande sitwayen ameriken yo konsève kalm yo e fè refleksyon pasifik sou afè a.

Lidè Lèzetazini an di : “Nou se yon peyi ki respekte lalwa e nou pral respekte desizyon jiri a. “
XS
SM
MD
LG