Sòti samdi 6 jiyè pou rive dimanch 14 jiyè 2013 la, yon gwoup jounalis ki te sòti Pòtoprens ak plizyè vil pwovens ann Ayiti, te patisipe, nan Washington, nan yon seminè sou “Koudèy sou Prensip Jounalistik yo” ak ”Konesans Enstitisyon Gouvènman Ameriken an”. Seminè a te dewoule sou patwonaj anbasad amerikèn nan Pòtoprens ak Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la.
Yo te 10 jounalis an tou ki rann temwayaj sou fason seyans fòmasyon sa a ouvè je yo sou anpil bagay ki konsène bon fonksyonnman pwofesyon an. Anvan yo retounen ann Ayiti dimanch 14 jiyè a, yo tout di se ak enpasyans yap tann pou yo mete sa yo aprann nan an aplikasyon nan radyo ak televizyon kote yap travay nan peyi yo.
Klike sou "audio" pou w koute yon entèvyou jounalis yo bay chèf Sèvis Kreyòl la, Ronald César, sou sa k te di e sa k te fèt nan seyans fòmasyon sa a.