Laprès rapòte ansyen anplwaye sou kontra Ajans Sekirite Nasyonal Lèzetazini, Edward Snowden -ki anba akizasyon deske li te bay detay piblik sou operasyon gouvènman ameriken an ap mennen pou l swiv aktivite sitwayen yo sou entènèt la epi koute konvèsasyon telefonik yo- eben, laprès rapòte Misye Snowden pral rankontre ak kèk militan dwamoun pandan lap eseye jwenn azil politik.
Pou le moman akize a, kap kouri pou lajistis, twouve l nan yon pwen tranzit nan yon ayewopò nan vil Moskou, nan Larisi, kote li pran refij depi 3 semèn deja.
Otorite ris ki tap abòde dosye a vandredi 12 jiyè 2013 la fè konnen rankont ant Edward Snowden avèk reprezantan plizyè gwoup defans dwamoun –pami yo genyen Amnisty International- fikse pou menm jounen vandredi a, nan zòn tranzit ayewopò a.
Lèzetazini ap chache ekstradisyon fijitif la, ki genyen 30 tan, sou akizasyon deske li komèt espyonaj; men Larisi refize remèt li bay gouvènman ameriken an, pandan otorite ris yo ap ankouraje misye pou l ale nan yon lòt peyi. Gouvènman Venezuela, Nikaragwa ak Bolivi deja fè konnen yo dispoze bay Edward Snowden azil politik lakay yo; sepandan lap difisil pou misye kite Moskou, paske Lèzetazini anile paspò li.