Accessibility links

Breaking News

Etazini - Lachin: 5èm Edisyon “Dyalòg Estratejik e Ekonomik” la


Lèzetazini ak Lachin ap fè nan Washington, mèkredi 10 jiyè 2013 la, yon rankont anyèl wo-nivo sou kesyon ki enpòtan pou gouvènman 2 peyi yo, nan moman gwoup dwamoun yo ak kèk palmantè ameriken ap fè presyon pou negosyatè Lèzetazini yo pran yon pozisyon dyanm sou kèk dosye. Non rankont la se “Dyalòg Estratejik e Ekonomik”.

Nan tèt delegasyon amerikèn nan genyen Sekretè Deta John Kerry ak Minis Trezò Lèzetazini an, Jack Lew; tandiske ofisyèl chinwa k ap dirije delegasyon ki sòti Peken an, se vis-premye minis Wang Yang avèk super-konseye deta Yang Jiechi.

Vis-premye minis Wang di youn nan objektif rankont la, se fè yon suivi sou chita-tande ofisyèl 2 peyi yo te fè nan somè Asosyasyon Nasyon Azi Sid-Ès yo (ANASE), nan peyi Brunei, kote yo te pale de nesesite pou pati konsène yo itilize mwayen pasifik pou yo rezoud pwoblèm teritoryal ki poze nan rejyon Lanmè Sid Chin nan.

Misye Wang deklare :
"Ni Lachin, ni peyi ki gen kòt sou Lanmè Sid Chinn nan ap fè efò pou yo pote estability nan rejyon an. Mwen panse nenpòt dispozisyon yon peyi konsène pran pou kont li pou l eseye rezoud pwoblèm yo an deyò kad pasifik sa a, pap jwenn apui majorite nasyon yo e sa pap reyisi. “

Menm si Lèzetazinip pa pran pozisyon sou dosye a, Sekretè Deta John Kerry –ki te prezan nan Somè Brunei la- te di Washington swete peyi konsène yo itilize mwayen pasifik pou yo jwenn yon solisyon pou mezantant yo.

Misye Kerry fè konnen:
"Lèzetazini, an tan ke yon peyi ki gen kòt sou oseyan pasifik la e ki gen tèritwa nan rejyon an, gen yon enterè nasyonal nan efò ap fèt pou kenbe lapè ak estabilite nan rejyon an, pou respekte dwa entènasyonal, e ankouraj tout pati pou yo pwoteje komès legal ak navigasyon lib nan rejyon an. "

Rankont k ap dewoule nan Washington mèkredi 10 jiyè a, se 5èm edisyon “Dyalòg Estratejik e Ekonomik” ki rasanble chak ane negosyatè ameriken ak chinwa nan kapital federal Lèzetazini an.
XS
SM
MD
LG