Accessibility links

Breaking News

Wimbledon/Tennis: Yon Jwè Britanik Chanpyon pou la Premyè Fwa nan 77 Tan


Jwè britanik Andy Murray, avèk twofe laviktwa a, devan piblik la apre li fin bat jwè sèb Novak Djokovic nan final Gran Chelem Wimbledon nan, kategori senp-mesye (London, 7 jiyè 2013).
Jwè britanik Andy Murray, avèk twofe laviktwa a, devan piblik la apre li fin bat jwè sèb Novak Djokovic nan final Gran Chelem Wimbledon nan, kategori senp-mesye (London, 7 jiyè 2013).
Nan tounwa tennis Wimbledon nan, edisyon 2013 la, Andy Murry tounen premye jwè britanik ki ranpòte tit chanpyon an nan 77 tan. Misye Murray, ki se jwè nimewo 2 mondyal e ki tap fè final avèk Novak Djokovic (moun peyi Sèbi e nimewo 1) dimanch 7 jiyè 2013 la, ranpòte laviktwa sou yon skò 3 set a 0: 6-4, 7-5 e 6-4. Match la te dire 3 zèd tan ak 9 minit.

Aprè match la, Djokovic ran omaj pou Murray ki, daprè li, jwe yon match “enkwayab”. Britanik la te ranpòte epi pèdi 3 match points anvan yon kout rakèt opozan l nan te fin pa voye bal la nan filè a. Ane pase a,

Andy Murray te rive nan final Wimbledon nan ; men li te pèdi devan jwè swis Roger Federer. Aprè viktwa li ranpòte nan edisyon 2013 la, li pale pou l di -nap site : «Mwen byen konprann kijan tout moun tap swete La Grand Bretay ranpòte tounwa Wimbledon nan; e mwen vle kwè se tout moun ki kontan jounen jodi a.”

Dènye sitwayen britanik an dat ki te ranpòte Gran Chelem Wimbledon nan sete Fred Perry, an 1936.Yon pòtpawòl Palè Buckingham nan fè konnen Rèn Elizabeth voye yon mesaj prive bay Andy Myurray pou li fè misye konpliman pou viktwa l la. Yon jou anvan triyonf istorik sa a, yon jwèz fansèz, Marion Bartoli, te ranpòte tounwa senple-dam Wimbledon nan devan jenn sansasyon almand Sabine Lisicki an 2 set: 6-1 ak 6-4.
XS
SM
MD
LG