Accessibility links

Breaking News

Anbasadris Pamela White di Rapò Ayisyano-Ameriken yo Twouve yo nan yon Bon Eta


Anbasadris Lèzetazini an nan pei d Ayiti, Pamele White, resevwa, mèkredi 3 jiyè 2013 la, plizyè ofisyèl ayisyen nan rezidans prive li nan yon seremoni ki make 237èm anivèsè pwoklamasyon endepandans Lèzetazini.

Nan okazyon an, Madam Whote di li satisfè eta aktyèl relasyon ant Lèzetazini ak Ayiti. Daprè diplomat la, rapò ayisyano-ameriken yo twouve yo nan yon bon kondisyon.

Kèk ofisyèl ayisyen ki te pran lapwòl nan resepsyon an, tankou prezidan asanble nasyonal la, Senatè Simon Dieuseul Desra, pataje opinyon anbasadris la.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute yon repòtaj korespondan nou Rotchild Francois Junior.
XS
SM
MD
LG