Prezidan Barack Obama lanse apèl bay Lame ejipsyèn nan pou mande l aji rapidman pou l remèt pouvwa a bay yon gouvènman ki eli demokatikman, nan yon pwosesis transparan e ki fè plas pou tout moun bò tab la.
Lidè ameriken an --ki te reyini dijans avèk manm Ajans Sekirite Nasyonal Lèzetazini an mèkredi 3 jiyè 2013 la, aprè nouvèl te anonse koudeta militè ki ranvèse gouvènman prezidan Morsi a-- deklare li genyen gwo kè-sote devan le fèt ke lame ejipsyèn nan pran desizyon pou l mete Prezidan Morsi atè epi sispann konstitisyon an.
Nan menm okazyon an, Prezidan Obama di militè ejipyen yo pa ta dwe arete abitrèman ni Misye Morsi, ni patizan li yo. Lidè ameriken an pase administrayon n nan lòd pou l pase an revi tout konsekans aksyon lame a ann Ejip kapab genyen sou avni asistans Washington ap bay Lekèr.
Lalwa amerikèn mande pou Lèzetazini sispann èd lap bay yon peyi kote lame ranvèse yon gouvènman ki te eli demokratikman. Chak ane Lèzetazini bay Lejip plis pase yon milya dola ; sa fè peyi sa a tounen 2èm nasyon ki resevwa pi gwo asistans ekonomik e finansye nan men Washington aprè Izrayèl.
Se konsa tou, istwa lame amerikèn nan ak lame ejipsyèn nan montre yo te toujou genyen relasyon ki trè sere.